Sante Mantal ak Vyeyisman
Sante mantal ou enpòtan nan tout laj. Tank n ap vyeyi, lavi pote chanjman; nouvo lajwa, men tou pèt, pwoblèm sante, e pafwa solitid. Chanjman sa yo ka afekte fason nou santi nou. Si ou pa santi w byen, ou pa poukont ou, epi gen èd ki disponib.